
Endepandans Ekonomik Ayiti
Etap 4 🇭🇹 — Endepandans Ekonomik
Kraze Sik Lit Ayiti a
Objektif: Kraze depandans ekonomik epi bati yon ekonomi Ayisyen ki ka soutni tèt li
Prensip santral: Yon nasyon ki pa kontwole pwodiksyon, komès, ak resous li pa janm vrèman lib.
ENTWODIKSYON
Ayiti pa pòv paske li pa gen resous.
Ayiti pa anreta paske pèp la pa travay.
Ayiti ap soufri paske li pa kontwole ekonomi li.
Pandan plizyè jenerasyon:
Nou pwodui, lòt moun pwofite
Nou travay, lòt peyi vin rich
Nou ekspòte matyè premyè, nou enpòte pwodwi fini pi chè
Sa pa yon aksidan.
Se yon sistèm depandans ekonomik.
Si nou vle kraze sik sa a, endepandans ekonomik pa opsyon — men se obligasyon.
KISA ENDPEPANDANS EKONOMIK YE?
Endepandans ekonomik se lè:
Yon peyi konsome sa li pwodwi
Lajan sikile andedan kdepatman yo
Travay lokal kreye richès lokal
Peyi a pa oblije bese tet sou presyon ekstèn poul siviv
San endepandans ekonomik:
Politik Ayiti vin fèb
Lidè yo vin fasil pou manipile
Souvrenntepeyi a vin senbolik sèlman
Ekonomi se zo rèl do nasyon an.
ENDISTRI LOKAL vs EKSPÒT MATYÈ PREMYÈ
Pwoblèm lan
Ayiti exporte kom matye premye:
Mango kri
Vetivè kri
Angi
Lòt peyi:
Transfòme yo
Mete mak sou yo
Revann yo 5, 10, menm 20 fwa pri orijinal la
Nou travay. Yo touche.
Sa kenbe Ayiti:
Nan depandans
Nan dèt
Nan feblès estriktirèl
Solisyon an: pwodiksyon & transfòmasyon lokal
Pou kraze sik sa a, nou dwe:
Devlope ti faktori lokal
Ankouraje transfòmasyon pwodwi (pa egzanp: moulen kafe , chokola, lwil, savon)
Fè “Made in Haiti” tounen yon senbòl fyète
Nou dwe sispann vann potansyèl nou an bon mache.
ANTREPRENARYA & INOVASYON: MOTÈ CHANJMAN AN
Men kek peyi ki te kolonize epi ki leve:
Japon
Kore di Sid
Rwanda
Yo tout fè menm chwa a:
➡️ Yo envesti nan antreprenè lokal ak inovasyon.
Ayiti bezwen:
Antreprenè, pa sèlman politisyen
Biznis ki rezoud pwoblèm, pa biznis opòtinis
Inovasyon ki adapte ak reyalite lokal yo
PA Egzanp:
Kooperativ agrikòl
Atizana ak e-commerce
Teknoloji senp pou agrikilti
Enèji solè kominotè
Finans dijital pou ti biznis
Se pa gwo pwojè sèlman ki chanje yon nasyon.
Se plizye ti inisyativ serye.
ALFABETIZASYON FINANSYÈ & KREYASYON RICHÈS
Yon pèp ki pa konprann lajan:
Toujou depann
Toujou prete
Toujou pèdi
Nou dwe fòme:
Moun ki konnen fè bidjè
Fanmi ki konnen ekonomize
Kominote ki konprann envestisman
Kooperativ ak fon kominotè transparan
Se pa Lajan ki pa renmen’w
Se konsyans ekonomik ou manke.
LÈ GEN PRESYON SOU LIDÈ LOKAL YO
Lè Ayiti fè pa pou devlope pwodiksyon:
Presyon diplomatik
Akò komèsyal kanpe
Finansman bloke
Sabotaj entèn parèt
Reyalite a senp:
Oppressè yo pa pè Ayiti pòv.
Yo pè Ayiti endepandan.
KIJAN POU REZISTE POU PWOTEJE PWODIKSYON PEYI NOU
1. Desantralize ekonomi an
Pa mete:
Tout endistri
Tout pouvwa
Tout solisyon
nan men kèk moun sèlman.
Kooperativ + rezo lokal = rezistans.
2. Fè konsomasyon lokal tounen yon zam
Si pèp la:
Achte pwodui Ayisyen
Sipòte pwodiktè lokal
Sispann meprize sa ki lakay
Epi Presyon ekstèn ap pèdi efikasite’l.
3. Sevi ak Dyaspora a kòm patnè, pa kòm sovè
Dyaspora a pa pra’l:
Sove Ayiti
Men li kapab:
Envesti
Louvri mache
Pataje teknoloji
Soutni biznis lokal
Se Pa lacharite nou bezwen .Men, envestisman estratejik.
4. Devlope lidè ki pa ka achte
Lidè ki:
Gen prensip
Endepandan finansyèman
➡️ Yo pi difisil pou konvenk anba presyon.
5. Fè edikasyon ekonomik tounen yon zam de mas
Lè pèp la konprann:
Sistèm ekonomik la
Jwèt la
Entèrè reyèl yo
Yo vin plis apiye ekonomi nasyonal la.
NOU TOUT DWE METE MEN
Reponn kestyon sa yo:
Ki pwoblèm lokal mwen ka rezoud?
Ki resous lokal mwen ka itilize?
Kiyes ki kliyan mwen?
Kiyes ki patnè mwen?
Kijan sa ka benefisye kominote a?
Pou Kooperativ kominotè
5–20 moun
Yon aktivite klè
Yon fon kolektif
Transparans & responsabilite
KONKLIZYON
Nou pap ka kraze sik ki kenbe Ayiti nan povrete a:
Ak slogan
Ak eleksyon sèlman
Ak manifestasyon
San ekonomi pa nou.
Endepandans ekonomik:
Bay nasyon diyite
Pwoteje lidè yo
Kreye travay
Kraze depandans
Avni Ayiti ap bati
lè Ayisyen pwodwi pou Ayisyen.
E etap sa a kòmanse ak ou.
